KontaK-Kreyòl
Se ak anpil kè kontan n'ap wete chapo pou nou salwe tout Ayisyen nan peyi letranje ak lakay tou. Kontantman sa-a genyen dèyè-l anpil rezon pou li kare kò li nan mitan nou. Nou pwal kapab vremanvre mete koulè sou branch fèy lakonesans ki separe Ouk-konnen ak Likpawèklè. Konsa fondas soudevlòpman va anfonse pou mete daplon baz ledikasyon ki se dodin tout pwosperite. Pito nou lonje men ba frè nou yo ki pa te genyen chans jwenn oun nechèl olye nou lonje dwèt sou yo. Konsa n’a devye kouran malfektè nan listwa peyi nou an. " Lè ti kribich bezwen grandi se nan twou wòch li rete" " Nèg sòt mare chwal li, nèg lespri pa kab lage-l" "Bèf san ke, Bondye pouse mouch pou li." Nan lakou Ayiti, lwa 18 Septanm 1979 -la mete lanng kreyòl la nan menm nivo ak lanng franse. Konsa vini ak fason mounn dwe itilize pou y' aprann ekri ak li lanng lan se oun mousa k'ap desann nan kalbas vant lespri nou. Pou kòmanse n'ap bay dizuit (18) konsòn yo ak kèk ekzanp pou chak konsòn. Se limyé pèp Ayisyen, an nou pote-l. Men Alfabèt Kreyòl la : a, an, b, ch, d, e, è, en, f, g, h, i, j, k, l, m, n, ng, o, ò, on, ou, oun, p, r, s, t, u, v, w, y, z. Otograf ofisyèl lanng kreyòl la: Lwa 18 Septanm 1979 epi piblikasyon 1980 18 Konsòn b : bal, kola, bab ch : chat, tache, cho d : dan, sonde f : frè, anfale,nèf g : gade, degaje, nèg Yè yès, ayè, soupyè U nan: Ui luil, nuit, uit, zuit Ue sue Men kèk kesyon mounn toujou genyen pwoblèm ak yo: 1. Kilè ak kijan yo dwe itilize (-) Ti Tire? 2. Kilè ak kijan ou itilize (') Apostwòf.? Pou reponn premye kesyon-an m'ap di nou kapab sèvi ak ti tirè si nou vle makonnen youn mo ak kèk fòm gramè ki vini apre li. Egzanp: 1. Fòm atik defini yo : fi-a, nèg-la, pèlen-an, fanm-nan 2. Pwonon konpleman retresi yo : nèg-la di-m li te wè-m yè oswa. h : branhanng j : jouda, jalouzi, jofre k : kaliko, kokobe, kinannan l : lanvè, levasyon, lobedyans m : maryaj, foumi, madanm |
n : nasyon, lasisin, fondanman
ng : zing, lanng, pingga p : pilon, zepon, papa r : rara, mare s : sansasyon, mousa, palmis t : tyoul, toutis, kalòt v : visye, lavabo, koulèv z : zago, zwingzifye, lakòz 7 Vwayèl bouch a : ase, latè, leta e : elèv, redi, rale è : ès-ès, kèk, ankè i : istwa, pit, anasi o : ochan, foli, mato ò : òfev, gòl, gadò ou : ouvriye, goud, kalfou 4 Vwayèl bouch nen an : anle, zandolit, devan en : enbesil, pentad, lapen on : onz, ponpe, pantalon oun : ounsi, mazounbèl, kandyanhoun Kanpe-la: konnen: ounn = onn= oùn; mounn = monn = moùn; younn = yonn = yoùn Vwayèl - Konsòn: W, Y, U W nan: Wa watè, lakwa Wan wanga, lakwann We wete, dwe Atansyon! ou gendwa ekri: Wo, Won, Wou, = Ro, Ro, Ron, Rou Tankou nan: Rote, Roroli, Pirouli .... era-era Y nan: Ya faya, pyas Yan yanvalou, pyan Pou apostwòf menm nou ka sèvi ak li pou pwonon sijè yo tankou: 1. M' vinilakay ou. 2. Jilyen soti l' al nan sinema. m', n', 1', se mo tankou lòt mo. Fò nou kite youn ti espas anvan nou kòmanse ekri mo ki vini apre-a. Nou sèvi ak aksan nan òtograf lanng kreyòl-la pou nou fè: e tounen è tankou teke mennen tèkè o tounen ò tankou mo mennen mò a tounen à tankou van mennen vàn. Fason pou youn mounn ekri lanng kreyòl-la trè klè nan lwa ki te pase nan lane 1979 -la epi sele sou piblikasyon depatman Edikasyon Nasyonal -la nan lane 1980. M'ap tann nou memn kote-a ankò nan "Kontak". |